Sou enpirasyon Bondye Pòl dekri lanmou yon fason ki extraordinè nan 1 Kor 13 vèsè 4 pou rive 8. Pou li Lanmou gen pasyans, ak byenveyans. Men nan vèsè 5 lanmou gen yon bagay ki te atiré atansyon mwen anpil Se lanmou pa chèche pwòp enterè l. Koman yon moun fè ak okipe aktivite li e an menm tan li kapab enterese nan lòt moun? Ann pran yon egzanp yon atis ki ap chante bèl mòzo mizik li pase dè zè ap reflechi sou pawol yo, e mizik sa yo ede atis la pèsonèlman men eske se atis la sèlman ki benefisye, n'ap di Non, nou ka jwenn yon pakèt lòt egzanp anko ki montre nou kapab chèche fè sa nou renmen pandan nap bezwen sonje vrè lanmou an fè sa chèche fè sa li renmen nan enterè lot moun. Konsa jan li di sa nan 1 Kor 13:8 lanmou pa janm fayi
Ammwwweeiyy @gfi24k. mwen te blye pati sa a .
mais mwen te konsantre sou lanmou Bondye genyien pou nou. Se bel bagay nap pale la.
Lanmou pa ka faya.
Mesi anpil pou bel approch ou fe la a.